- Objektif la:
Se reponn plis kont ke ou kapab pou jwen plis pwen nan jwèt la.
Men eleman jwèt la:
Jwèt la gen 100 kat ki gen yon kont ak repons kont lan. - Enstalasyon:
Kòmanse pa melanje kat yo. Yon jwè chwazi yon kat, li tire kont ki nan kat la, epi li kòmanse yon revèy 10 segonn. Si yon jwè
konnen repons lan, li leve men li epi li reponn. Moun ki pa konnen repons lan di, “mwen bwè pwa.” Apre 10 segonn, pa gen kras
moun ki reponn, jwè ki gen kat la nan men li bay repons lan. - Règ debaz:
Jwè ki reponn kòrèkteman kont lan gen yon pwen. Nan ka plizyè repons kòrèk, premye moun ki pale ki bay bon repons lan avèk
genyen pwen an. - Kilè ki tou pa’w:
Jwè ki reponn kòrèk la, pran premye kat ki anlè a, epi li tire kont lan. Si pa gen moun ki reponn, li genyen yon pwen. Li bay repons lan
epi li pran yon lòt premye kat ankò ki anlè a, epi li tire kont ki nan kat la. - Kouman ou ka genyen nan jwèt sa:
Jwè ki gen jwenn plis repons ki kòrèk la, se li ki genyen. - Pa Bliye:
Retire kat ki gen liy rouj yo avan nou bay timou yo li.
Amizan jwèt kat fanmi sa a fèt pou granmoun, adolesan ak timoun ki gen 7 ane ak plis.
Jwèt Tradisyonèl
Jwèt Tire Kont
$24.99
Krik Krak se yon zouti puisan pou prezèvasyon kilti nou, espesyalman nan fè fas ak defi nan istwa peyi nou. Nou tout Ayisyen, nou
konekte ak rasine nou nan jwèt sa a. Nou ankouraje ladan li yon sans idantite, solidarite, ak yon sèl pèp. Ann rele: “Ansanm, nou pi fò.”
Availability: 15 in stock
Weight | 0.17 kg |
---|---|
Dimensions | 5.08 × 15.24 × 17.78 cm |
Only logged in customers who have purchased this product may leave a review.
Reviews
There are no reviews yet.